EduKerv

Pratik GED · GED practice

Pratike GED la jiskaske ou santi w pare

Seri 10 kesyon san limit nan 4 matyè yo. Lè w fini, ou wè nòt ou, kote w te fè erè, ak eksplikasyon an Kreyòl. Pwogrè ou rete nan navigatè sa a.

Unlimited 10-question sets in all 4 subjects, graded with explanations in Kreyòl. Questions are original, written to match the official GED topics; the real test questions are secure.

Fòs ak feblès ou

Fè kèk seri pou wè ki sijè ou fò ladan yo ak sa pou travay plis. Each topic shows after 3 answers.

Kote pou pran vrè GED la

Sant egzamen toupre w

Kreye yon kont gratis sou GED.com. Lè w pran randevou, li montre w tout sant egzamen ofisyèl ki toupre adrès ou, ak dat ki disponib.

Pran randevou sou GED.com

Lakay ou sou entènèt

Nan pifò eta, ou ka pran GED la lakay ou sou entènèt si ou gen yon òdinatè ak kamera, yon chanm trankil, epi ou pase GED Ready. Kèk eta (tankou Massachusetts) pa pèmèt li. Fè l sèlman sou GED.com: lòt sit ki vann "GED sou entènèt" se fwod.

Aprann plis
  • • Gen 4 tès: Matematik (115 min), Lang/RLA (150 min), Syans (90 min), Syans Sosyal (70 min). Ou ka pran yo youn pa youn.
  • • Ou bezwen 145 sou 200 nan chak matyè pou pase.
  • • Ou ka itilize yon kalkilatris TI-30XS sou ekran an pou matematik, syans ak syans sosyal.
  • • Pri a chanje selon eta a (anviwon $30 a $45 chak matyè). Kèk eta ak pwogram peye l pou ou: mande.
  • • Kèk eta itilize HiSET olye oswa anplis GED. Tcheke ki tès eta w aksepte sou GED.com.
Pri ak règ GED nan eta w (laj, rezidans, ID).

Lis pou jou egzamen an

  • ☐ Pyès idantite ak foto (ID) ki poko ekspire
  • ☐ Rive 15–30 minit davans
  • ☐ Dòmi byen, manje anvan
  • ☐ Kite telefòn ou ak sak ou nan kazye a
  • ☐ Li chak kesyon de fwa; pa rete twò lontan sou youn

Resous ofisyèl gratis